Kiyès nou ye?
Nan Therablu Care, nou ofri sèvis terapi pou timoun nan domèn lapawòl ak manje. Sèvis sa yo fèt espesyalman pou satisfè bezwen pèsonèl chak timoun. Nou fè terapi nan konfò ak sekirite lakay timoun la.
Misyon nou se kreye yon anviwònman ki konfòtab, ki santre sou timoun nan ak fanmi li, kote terapi a ap bay bon jan sipò. Nou kwè terapi se plis pase yon tretman: se chimen devlopman ak kwasans. Lè nou kole ansanm ekspètiz klinik nou ak konpasyon, nou rive kreye sesyon terapi ki adapte ak objektif endividyèl kliyan nou yo pou yo pwogrese nan yon fason ki natirèl ak aksesib.
Nou valorize kilti, kidonk nou kolabore ak paran yo pou nou bati yon ekip solid kap sipòte siksè timoun yo a lontèm. Epi tou, nou fyè deske nou ofri sèvis bileng nan lang Kreyòl Ayisyen ak Franse, pou rann terapi yo aksesib pou plis fanmi.
Nou sèvi fanmi ki nan konte Broward, tankou vil Sunrise, Plantation, Lauderhill, Davie, Pembroke Pines, ak Miramar.
Jennifer Calvin, MS, CCC-SLP
Otofonis
Sak pase! Mwen se Jen e mwen kontan wè w sou paj sa!
Mwen se yon òtofonis miltileng, k ap pratike nan eta Florid e mwen akredite pa American Speech-Language-Hearing Association (ASHA). Mwen gradye nan Florida State University ak yon metriz nan Syans Kominikasyon ak Twoub Kominikasyon. Mwen gen anpil eksperyans nan travay ak timoun epi granmoun. Epi tou, mwen pote plis pase 16 lane eksperyans nan domèn edikasyon.
Eksperyans klinikal mwen kouvri travay ak moun tout laj, men vre pasyon mwen se sipòte timoun ak fanmi yo. Mwen renmen kreye yon anviwònman sen ki ankourajan, kote chak timoun ka santi l an sekirite pou l byen grandi, eksplore, ak devlope konfyans nan tèt li.
Mwen se yon òtofonis ki aplike yon apwòch "newo-afimatif" kote mwen devlope sesyon terapi ki baze sou bezwen endividyèl chak kliyan. Kidonk travay mwen santre sou kliyan an ak fanmi li, men tou, li apiye sou prèv syantifik pou ankouraje kolaborasyon, konfyans, ak bon jan pwogrè.
Mwen ta renmen sipote pitit ou e sa ap on onè pou m fè wout la a ansam avè w.
Evalyasyon ak tretman pwoblèm son nan pale tankou pwoblèm atikilasyon ak fonolojik, oswa bègman ak pale twò vit. Sèvis yo vize amelyore jan timoun lan pale ak pwononse son nan mo yo pou timoun yo ka kominike avèk konfyans.
Evalyasyon ak tretman langaj reseptif ak ekspresif tankou devlopman vokabilè, estrikti fraz, konpreyansyon ak kapasite pou swiv enstriksyon. Terapi a konsantre tou sou langaj pragmatik ak konpetans kominikasyon sosyal, tankou apran pale ak moun, kòmanse konvèsasyon, ak devlope zamitay ak kamarad.
Evalyasyon ak tretman difikilte nan manje ak vale manje pou tibebe ak timoun. Terapi sa ede timoun ki gen difikilte pou manje diferan tip manje, ki pwoblèm sansoryèl, ki gen pwoblèm oro-motè, oswa ki gen estrès pandan repa yo.
Evalyasyon ak tretman pou tibebe ak timoun 0-3 lane nan domèn kominikasyon, manje, jwèt, ak devlopman sosyal. Terapi sa a vize devlope konpetans fondamantal pandan premye ane sa yo pou sipòte siksè a lontèm.
Sesyon sa yo konsantre sou edikasyon paran yo, fòmasyon, ak estrateji pratik pou sipòte objektif kominikasyon ak manje timoun yo. Paran yo se patnè aktif pandan tout evalyasyon ak tretman an pou yo ede timoun yo itilize konpetans yo nan woutin yo ak nan vre sitiyasyon lavi a.